Militans fanfa palè a se yon fenomèn k ap devlope nan zanviwon politik la depi kèk lane nan Peyi Dayiti, se yon ka ki fè anpil moun ap reflechi chak jou nan fason evolisyon an fèt rapid ak kantite moun tou k ap idantifye yo a kouran sa chak jou ki pase.
Alèkile twaka moun ki idantifye tèt yo kòm militan politik pa gen konviksyon ; Se politik pozisyònman yo fè pou jwenn privilijèj. Demach yo, swadizan angajman yo, apwòch yo pa gen okenn baz ideyolojik.
Laboratwa ki ap travay pou disparèt tout esansyalite moral ak angajman nan batay pou chanje kondisyon Mas yo aprann jenn fanm ak jenn gason denojou krache sou militans jenerasyon ki te fè 86 ak 90 yo.
Jenerasyon 86 ak 90 la pat jwenn motivasyon kontra ni nominasyon pou yo pat fè kazwèl devan Koko Makak. Se te ideyoloji ak konsyans Klas yo ki te sele yo pou yo pat brannen devan gwo ble ak kaki ki t ap maspinen yo.
Menm laboratwa sa entrimantalize mizè, grangou, chomaj pou febli batay Mas yo.
Siviv vin yon eskiz pou vann konsyans.
Manno Charlemagne Chante: « …Rale detwa nan nou, kon bouch nou twòp pou nou. »
Se yonn pami demach ki pi efikas pou kraze mobilizasyon popilè.
Tout gwo gòj, frape lestomak, fè gwo sèman nan mikwo laprès se pou atirans ak sediksyon pou senbolize yon kèlkonk menas si tout fwa rekritman pa fèt kòmprevi…Men pa gen koze peyi k ap regle vre, se Bakoulou k ap mete tèt yo ozanchè.
Yon Kamarad ka fè w Bwa chat pou yon plat manje.
Pi gwo lèdmi w se mizisyen palè ki bò kote w la.
Atè a glise anpil, anpil,
Se konviksyon w ki dwe Kranpon w…
Kenbe fèm Kamarad !!!
Jeffté Saintermo
Kap Ayisyen
19 fevriye 2026