Youn nan pi bèl souvni mwen pote soti nan timounaj mwen, se fason mwen te konn dekouvri Ayiti, mache, fè touris, viv lanati ak tout sa li ofri. Gras ak travay papa mwen, mwen te gen chans vizite plizyè zòn nan peyi a: plaj, mòn, ti komin ki pa sou kat. Men chak vakans, se Pòtoprens ki te vin plas kote mwen te aprann pi plis sou tèt mwen, sou peyi a, e sou lòt Ayisyen.
Mwen sonje byen, se nan Pòtoprens mwen aprann ou pa ka jis al nan mache mande “pwa pennto” konsa. Premye fwa mwen fè sa, machann lan leve tèt li, li gade m dwat nan je epi li di: *“Ou soti nan panyòl?”* Se te yon gwo sezisman pou mwen, paske lakay mwen, Gonayiv, tout moun konn di l konsa. Se la mwen te konprann jan chak zòn gen ti langaj pa yo, mo pa yo, koutim pa yo. Sa ki nòmal lakay ou ka fè moun ri lòt kote.
Lè sa, se te ane 2008. Mwen te timoun toujou, men mwen sonje tan sa te chaje ak eksitasyon. Se te premye fwa mwen te viv ak lokatè, tande granmoun ap pale de “moun Okay” oubyen “moun Kap” tankou se de peyi diferan. Pòtoprens te tankou yon ti modèl mini-Ayiti, kote chak kwen nan peyi a te jwenn refij li.
Moman sa tou, fòm di nou, mwen te aprann yon gwo leson sou vil la: moun pa mache piti nan Pòtoprens. Yo pa ralanti pou pèsonn. E wi, domaj, fòk mwen te pèdi tèt mwen omwen twa fwa nan mache Salomon pou m te konprann sa. Lè m ap mache ak matant mwen, se chak de pa pou m ap pran souf. Li menm, li pase tankou van, epi li lage m dèyè l pou m batay ak foul la, janm kole ak bourik, kès peze sou zepòl moun. Depi li pase, se degaje w fè espas pou ti kò w, frè m!
Epòk sa tou, se te premye fwa mwen dekouvri *Chanmas*. Pou m pase devan Palè Nasyonal, epi tande pi gran yo ap di : « Rele Prezidan Préval! » Mwen menm, tankou ti egare ki pa konnen pi lwen pase nen li, m ap rele tout fòs mwen: * »PREZIDAN PRÉVAL! PREZIDAN PRÉVAL! »* M te santi m enpòtan, tankou vwa m t ap monte rive dwat nan biwo tèt peyi a.
Men jounen jodi a, Pòtoprens pa menm jan ankò.
Chanmas pa gen menm chalè a, pa gen menm libète a. Palè a tonbe, fonksyon piblik la kraze, pak la fèmen, e foul timoun pa gentan gen espas pou jwe, ni menm pou reve. *Mache Salomon*, ki te konn bat tankou kè vil la, vin pi lou, pi chaje, pi dezòd. Pami rès beton yo, ou tande vwa moun ki pa konn si y ap viv demen.
Soti Petyonvil rive Bèlè, tout kote santi labou, ensèten, pousyè, ak grangou. Se pa vil la sèlman ki chanje, *se memwa moun ladan l ki fennen tou.
Kote ki te konn gen chalè limenm, ou jwenn frèt beton ak lari plen fatra. Lari Sen Jèn, kote ou te ka achte yon bon zaboka, yon liv diri, oswa tande vwa machann ki t ap chante nan solèy, vin tounen yon lari silans… silans ensekirite.
Kafou Odva, ki te konn klere ak koulè ak aktivite, kounye a plen miray sal, afich pèdi, ak je sispèk ki suiv ou san w pa konnen poukisa. Timoun yo pa jwe ankò, yo pa fè kouri bourik ankò. Yo vin pi gran pase laj yo, ak soufrans ki mete rad granmoun sou zepòl timoun.
Lè mwen pase nan lari, mwen pa wè boukliye limyè. Se zam ki klere, se panik ki kondi moun. Pòtoprens vin tounen yon vil kote *nòmal la se pa nòmal. Goudougoudou, pouvwa k ap chanje, gwo ponyèt sou ti malere, fè vil la pèdi son souri li. Men, menm si Pòtoprens gen mak, li toujou kanpe. Li soufran, li touse, li panche… men li pa tonbe nèt.
E malgre tout sa… gen yon bagay nan Pòtoprens ki pa janm mouri: se lespwa. Yon ti lespwa ki ka parèt nan souri yon ti machann ki kanpe chak maten ak espwa vann. Nan je yon jèn ki mete liv anba bra li, malgre bri bal. Nan vwa yon atis ki toujou chante, menm si mizik li pa pase sou ondo.
Pòtoprens malad, wi. Men li pa mouri. Chak vakans, chak jèn ki sonje vil la, ki tounen al viv on ti moman, pote yon ti limyè. Tankou yon chandèl nan fènwa. Petèt pa ase pou limen tout vil la, men ase pou di: li merite limyè. Pòtoprens chanje, wi. Men li toujou la. Li toujou son vil ki pote sou li chay tout peyi a. Li toujou kenbe tras soulye moun ki sòti lwen vin chèche lavi. Li toujou gen bon jan memwa, ak bèl istwa ki merite sonje. E se petèt sa ki fè chak vizit tounen yon ti vwayaj sou tan. Vakans vin tounen pretekst pou rekonekte, pou sonje kote n sòti, e petèt, pou panse pi byen sou kote nou vle ale.
Christnoude BEAUPLAN