Bay kou bliye ! pote mak sonje ! 30 septanm 1991- 30 septanm 2026, sa fè 35 lane depi lame dayiti te jwenn benediksyon laboratwa anti-chanjman an pou fè yon koudeta kote san pèp la koule tankou larivyè. Yo touye,maspinen,tòtire,boule kay,vyole fanm, simen dèy ak dezolasyon nan mitan pèp ayisyen an nan mepri tout lwa entènasyonal sou dwa ak libète moun nan lide pou kraze rèv 16 desanm 90 lan ,rèv chanjman an.
Nan okazyon 30 septanm 2026 sa, Nou menm militan Fanmi Lavalas nan Nò nap salye memwa tout victim yo. Se avek anpil kè sere nou konstate sityasyon mas pèp la vi’n pi grav : kontradiksyon yo ranfòse, inegalite sosyal yo vi’n pi fò, lamizè vi’n pi plis, anpil lidè politik kouri kite lit pep la , yo rantre nan lojik separe gato. Konpotman Sa vi’n bay plis difikilte nan batay politik pou chanjman leta sa.
Nan sans sa Fanmi lavalas Nò kwè li nesesè pou tout sitwayen nan katye popilè yo , fanm yo, atizan yo, ouvriye yo, sektè prive-a, sendika yo, ti machann, elèv lekol, etidyan, profesè, kad yo, jenès la,tout moun ki kwè nan chanjman pou nou kapab vi’n chita bò tab la pou ranfòse mobilizasyon manch long lan, yon fason pou’n rive chavire chodyè a. Fanmi Lavalas pa nan ARANJMAN nap batay pou CHANJMAN paske pèp la konte sou nou.
Mobilizasyon manch long! Mobilizasyon manch long! Mobilizasyon manch long! Pou chodyè a chavire
Viktwa final pou pèp ki nan Mobilizasyon manch long!
Pou koodinasyon Nò a:
Carly EUGENE